Tès konpreyansyon oral
Pou chak kesyon, ou pral tande yon mesaj odyo.
Pou chak kesyon, gen 3 oswa 4 chwa.
Gen yon sèl repons ki kòrèk.
Mesaj la ap jwe de fwa. Reponn kesyon an lè w klike sou chwa ki kòrèk la. Ou ka reponn kesyon an apre ou fin koute l yon dezyèm fwa.
Ou ka chanje repons ou depi ou pa klike sou "Suivant".
Senk segonn apre dezyèm fwa mesaj la jwe, tès la ap otomatikman pase nan pwochen kesyon an.
Reponn kesyon yo san èd yon lòt moun, san yon diksyonè oswa yon zouti tradiksyon.
Pa kite okenn kesyon san repons. Reponn tout kesyon yo otank ou kapab.
Pafwa, yon mesaj odyo ka gen de kesyon. Nan ka sa a, reponn tou de kesyon yo sou menm mesaj odyo a.
Nan fen a, ou pral resevwa yon nòt ki baze sou Échelle québécoise des niveaux de compétence en français (Echèl nivo konpetans Fransè Kebèk la – an Fransè sèlman).
Gen ant 18 ak 22 kesyon, selon repons ou yo.
Mèsi!
Nòt: Enfòmasyon yo bay nan tèks yo ak kesyon egzamen yo sèvi sèlman pou evalye nivo konpetans ou an Fransè. Gen kèk enfòmasyon ki ka pa konplè oswa ki ka pa reflete reyalite a.